Règleman sou enfòmasyon prive sa a etabli kijan Health Plus Indiana itilize epi pwoteje nenpòt enfòmasyon ou bay Health Plus Indiana lè w ap itilize sit entènèt sa a. Health Plus Indiana angaje l pou asire ke vi prive w la pwoteje. Si nou ta mande w pou w bay sèten enfòmasyon ki ka idantifye w lè w ap itilize sit entènèt sa a, ou mèt asire w ke y ap itilize l sèlman an akò avèk deklarasyon sou enfòmasyon prive sa a. Health Plus Indiana ka chanje règleman sa a detanzantan lè l mete paj sa a ajou. Ou ta dwe tcheke paj sa a detanzantan pou asire w ke w dakò ak nenpòt chanjman. Règleman sa a an vigè depi 4/1/13.
Sa nou kolekte
Nou ka kolekte enfòmasyon sa yo:
- Non
- Enfòmasyon pou kontakte ki gen ladan adrès imel
- Lòt enfòmasyon ki enpòtan pou sondaj kliyan ak/oswa òf
Sa nou fè ak enfòmasyon nou ranmase yo
Nou bezwen enfòmasyon sa a pou nou ka konprann bezwen ou yo epi ba ou yon pi bon sèvis, sitou pou rezon sa yo:
- Kenbe dosye entèn.
- Nou ka itilize enfòmasyon yo pou amelyore pwodwi ak sèvis nou yo.
- Nou ka voye imèl pwomosyonèl detanzantan sou nouvo pwodwi, òf espesyal oswa lòt enfòmasyon ke nou panse ki ka enterese w lè w sèvi ak adrès imèl ou te bay la.
- De tan zan tan, nou ka itilize enfòmasyon ou yo tou pou kontakte ou pou rezon rechèch sou mache a. Nou ka kontakte ou pa imèl, telefòn, faks oswa lapòs.
- Nou ka itilize enfòmasyon yo pou pèsonalize sit entènèt la selon enterè ou yo.
- Nou p'ap janm vann enfòmasyon ou yo.
Sekirite
Kijan nou itilize bonbon yo
Yon bonbon (cookie) se yon ti fichye ki mande pèmisyon pou yo mete l sou dis lou òdinatè w la. Yon fwa ou dakò, fichye a ajoute epi bonbon an ede analize trafik entènèt la oubyen fè w konnen kilè w vizite yon sit patikilye. Bonbon yo pèmèt aplikasyon entènèt yo reponn ou antanke yon moun. Aplikasyon entènèt la ka adapte operasyon li yo selon bezwen w, sa w renmen ak sa w pa renmen lè l kolekte epi sonje enfòmasyon sou preferans ou yo.
Nou itilize bonbon jounal trafik pou idantifye ki paj moun ap itilize. Sa ede nou analize done sou trafik paj wèb yo epi amelyore sit wèb nou an pou nou adapte l ak bezwen kliyan yo. Nou sèlman itilize enfòmasyon sa a pou rezon analiz estatistik epi answit done yo retire nan sistèm nan.
An jeneral, bonbon yo ede nou ba ou yon pi bon sit entènèt, lè yo pèmèt nou kontwole ki paj ou jwenn itil ak ki paj ou pa jwenn itil. Yon bonbon pa ban nou aksè a òdinatè w la oswa okenn enfòmasyon sou ou, apa done ou chwazi pataje avèk nou yo.
Ou ka chwazi aksepte oswa refize bonbon yo. Pifò navigatè entènèt yo aksepte bonbon yo otomatikman, men anjeneral ou ka modifye paramèt navigatè w la pou refize bonbon yo si w prefere. Sa ka anpeche w pwofite tout avantaj sit entènèt la.
Lyen ki mennen nan lòt sit entènèt
Sitwèb nou an ka genyen lyen pou pèmèt ou vizite lòt sitwèb ki enterese w fasilman. Sepandan, yon fwa ou fin itilize lyen sa yo pou kite sit nou an, ou ta dwe sonje ke nou pa gen okenn kontwòl sou lòt sitwèb sa a. Se poutèt sa, nou pa ka responsab pou pwoteksyon ak vi prive okenn enfòmasyon ou bay pandan w ap vizite sit sa yo epi sit sa yo pa gouvène pa deklarasyon sou vi prive sa a. Ou ta dwe fè atansyon epi gade deklarasyon sou vi prive ki aplikab a sitwèb an kesyon an.
Kontwole enfòmasyon pèsonèl ou yo
Nou p ap vann, distribye oswa lwe enfòmasyon pèsonèl ou bay twazyèm pati sof si nou gen pèmisyon ou oswa lalwa egzije sa.
Si ou kwè nenpòt enfòmasyon nou genyen sou ou pa kòrèk oswa enkonplè, tanpri ekri nou oswa voye yon imèl ba nou pi vit posib, PO BOX 11582 South Bend, IN 46634. Nou pral korije nenpòt enfòmasyon ki pa kòrèk san pèdi tan.
Avi HMIS
Nòm sou vi prive ak sekirite yo, jan sa dekri nan Avi sou Done ak Nòm Teknik 2004 la, chache pwoteje konfidansyalite enfòmasyon pèsonèl yo tout pandan y ap pèmèt itilizasyon ak divilgasyon done ki rezonab, responsab, ak limite. Nòm konfidansyalite ak sekirite sa yo baze sou prensip pratik enfòmasyon ki jis ak sou nòm sekirite ke kominote konfidansyalite ak teknoloji enfòmasyon yo rekonèt. Nòm yo te devlope apre yon revizyon atansyon sou nòm Lwa sou Portabilite ak Responsablite Asirans Sante (HIPAA) pou sekirize ak pwoteje enfòmasyon pasyan yo. Kominote yo dwe kontinye itilize Avi 2004 la pou aplike HMIS yo.
Avi sou Konfidansyalite ak Sekirite HMIS
La Avi sou Done ak Nòm Teknik 2004 la etabli egzijans debaz konsènan vi prive ak sekirite done nivo kliyan ak sistèm HMIS yo. Avi sou Konfidansyalite ak Sekirite HMIS la pral bay kominote yo plis konsèy sou pwoblèm sa yo pou kominote yo ka evalye règleman ak pwosedi aktyèl yo epi fè ajisteman kote sa nesesè pou yo konfòme yo avèk Règ ak Avi HMIS yo.